Avèk nouvo administrasyon Trump lan, ki kategori moun Ozetazini ki vrèman afekte pa chanjman politik imigrasyon an? Mèt Eddy Laguerre pote limyè sou sijè a nan ChitaPale tou nèf sa a. Pa rate enfòmasyon esansyèl sa yo. Ann koute!
Nan mitan ensekirite ak katastwòf natirèl, li enpòtan pou n pale de patrimwàn dokimantè Ayiti a. Paske, jesyon dokiman sansib anpil pou memwa yon peyi ! Achivis Patrick Tardieu pote enfòmasyon nesesè nan emisyon #ChitaPale sa a, ann koute !
Medsen San Fwontyè bay esplikasyon sou rezon ki fè yo te deside kanpe tout aktivite yo. Alatèt misyon MSF la, Diana Arroyo ak Nathalie Bernard pataje detay enpòtan sou yon seri ensidan grav estaf MSF lan sibi dènye ane sa yo. Ann koute nan dènye emisyon #ChitaPale sa a.
Ki Konsekans yon prezidans Trump ka genyen sou dyaspora Ayisyèn nan ? Mèt Eddy Laguerre, yon avoka k ap pratike nan Eta Florid ap bay plis detay nan emisyon espesyal ChitaPale sa a. L ap bay konsèy legal pratik pou Ayisyen k ap chèche konnen kisa pou yo fè si yo gen TPS, oubyen yo te pati nan pwogram Biden nan.
« Petyonvil pa yon vil kolonyal, se nou ki fè l », se pawòl Michèle Oriol, ansyen sekretè egzekitif CIAT k ap analize sa ki lakòz vil Pòtoprens ak lòt vil nan peyi a nan eta yo ye jodi a. Ann koute sosyològ la nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.
Doktè Paul Junior Fontilus ap esplike kalite difikilte li menm ak tout ekip li rive rankontre nan lopital LA PAIX, men yo rive fonksyone kanmèm. Ann koute doktè Fontilus nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.
«Ayiti se yon peyi ki ajenou, sosyete nou an efondre», daprè Jerry Tardieu, ansyen Depite Petyonvil, k ap analize reyalite politik Ayiti nan moman an. Konsèy prezidansyèl, premye minis, ensekirite, eleksyon... se pami gran pwen k ap abòde nan emisyon Chita Pale sa.
«Ayiti kreye yon mond san esklav, li rann yon bagay ki te enposib posib», daprè pwofesè Jean Waddimir Gustinvil. Nan emisyon Chita Pale sa a, Doktè nan Filozofi a ap analize kòman yon peyi ki fè 1804 rive nan kafou li ye jodi a.
«Nou nan prizon» an Ayiti, daprè ekrivèn Monique Clesca. Antanke manb Biwo suivi Akò Montana, li Chita Pale ak AyiboPost sou reyalite sosyo-politik peyi a.
Jacky Lumarque, rektè Inivèsite Kiskeya, chita pale ak AyiboPost pou bay limyè sou enpak kriz peyi a gen sou inivèsite a, ki pran anpil frap dènye ane sa yo. Koz yo anpil. Li bay anpil detay. An n tande l nan emisyon chita pale espesyal sa a.
L'ambassadeur de l'Union Européenne s'est prononcé sur la question des élections et de la migration en Haïti. Dans ses échanges avec la rédaction d'AyiboPost, il a également abordé la coopération de l'UE avec le gouvernement haïtien ainsi que les violences faites aux femmes.
Pòt pawòl akò Montana a, Jacques Ted Saint-Dic, devwale pou AyiboPost reyalite k ap pase dèyè rido politik peyi a.
Li pwofite pote limyè sou akò Montana a, diskisyon ak Caricom, pozisyon Ariel Henry nan kriz peyi a, dosye eleksyon... Yon Chita Pale espesyal ou dwe gade.
Dans cet épisode de "Chita Pale", AyiboPost a reçu le Dr. Jean-Marc Biquet, chef de mission de MSF Belgique en Haïti, ainsi que le Dr. Néri Georges, médecin urgentiste chez MSF.
Ils ont échangé sur la mission de MSF en Haïti, les initiatives de l'organisation dans le pays, et ont abordé la situation d'insécurité qui entrave principalement les activités de l'organisation surtout dans la région métropolitaine de Port-au-Prince.
Kamoken se non yo bay yon gwoup moun ki t ap batay kont rejim Divalye a. Sineyas Rachèle Magloire ap eksplike orijin Kamoken yo ak istwa gwoup sa ki te debake nan Sidès peyi a pou tante jete rejim Divalye an 1964. Se malerezman yon istwa anpil ayisyen prèske fin bliye. Nou envite w suiv Chita Pale sa pou dekouvri sa k te pase pandan evenman sa.
Sa a se twazyèm Chita Pale AyiboPost pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, Agwonòm Harmel Cazeau, ki se kowòdonatè CNSA, ap ede n konprann fenomèn Ensekirite alimantè k ap ravaje jounen jodi a.
► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout travay nou pibliye sou tematik sa a.
Ki wòl lapolis, gang yo ak gouvènman an plas la jwe nan tabli vyolans ann Ayiti ? Doktè nan filozofi, Edelyn Dorismond reponn kesyon sa a, ak anpil lòt nan Chita Pale sa a :
Ayiti gen resous ak mwayen pou rezoud pwoblèm manje ak pwodiksyon l ap fè fas jodi a. Gen anpil desizyon ki dwe pran pou sa. Dr. Gaël Pressoir, ki se Dwayen Fakilte agwonomi ak anviwònman nan Inivèsite Kiskeya (UNIQ) ap ede n konprann sa k ap pase.
Ensekirite, salè minimòm, negosyasyon ak Ariel Henry... Steven Benoit ak Fritz Jean ki eli nan kad akò Montana a se envite premye epizòd dezyèm sezon Chita Pale ak AyiboPost
Chita Pale ak FJKL
Michel-Ange Gédéon
Referandòm
Dave Fils Aimé kite Ayiti a 12 zan ak yon viza touris. Ozetazini, li rive etidye san papye nan Yale ak Harvard, ki se 2 nan pi gwo inivèsite peyi sa a. Jodiya, Fils Aimé tounen Matisan pou l vin ankadre jenn nan katye popilè kote l te leve. Òganizasyon li, Baskètbòl pou ankadre lajenès ki lanse an 2013 gen 120 jenn ladan