
Ki Konsekans yon prezidans Trump ka genyen sou dyaspora Ayisyèn nan ? Mèt Eddy Laguerre, yon avoka k ap pratike nan Eta Florid ap bay plis detay nan emisyon espesyal ChitaPale sa a. L ap bay konsèy legal pratik pou Ayisyen k ap chèche konnen kisa pou yo fè si yo gen TPS, oubyen yo te pati nan pwogram Biden nan.