Home
Categories
EXPLORE
True Crime
Comedy
Society & Culture
Business
Sports
TV & Film
Health & Fitness
About Us
Contact Us
Copyright
© 2024 PodJoint
00:00 / 00:00
Sign in

or

Don't have an account?
Sign up
Forgot password
https://is1-ssl.mzstatic.com/image/thumb/Podcasts115/v4/fc/46/8e/fc468eec-8d89-a25f-00cc-49d26794aae0/mza_11197545473335651359.jpg/600x600bb.jpg
YonTiKoze avèk Mamz'elle
Mamz'elle
13 episodes
3 days ago
YonTikoze se yon podcast Mamz'elle kreye pou pataje konvèsasyon, eksperyans ak enfòmasyon pou ede jèn yo reflechi e grandi sou tout nivo. Mamz'elle se yon platfòm ki fè pwomosyon devlòpman pèsonel lakay jèn fanm.
Show more...
Self-Improvement
Education
RSS
All content for YonTiKoze avèk Mamz'elle is the property of Mamz'elle and is served directly from their servers with no modification, redirects, or rehosting. The podcast is not affiliated with or endorsed by Podjoint in any way.
YonTikoze se yon podcast Mamz'elle kreye pou pataje konvèsasyon, eksperyans ak enfòmasyon pou ede jèn yo reflechi e grandi sou tout nivo. Mamz'elle se yon platfòm ki fè pwomosyon devlòpman pèsonel lakay jèn fanm.
Show more...
Self-Improvement
Education
Episodes (13/13)
YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.13: Antreprann nan moman kriz l Ekonomi

Moman aktyèl nap viv nan mond lan mande pou nou aprann kreye nouvo strateji pou kapab pote inovasyon nan aktivite ekonomik nou e kontinye grandi sou plan pwofesyonèl. Nan epizòd sa, Valery Fils-Aimé ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak sikonstans konfinman an nan domèn antreprenarya, kijan yon moun ki nan milye sa kapab pwofite pote nouvote epi kontinye fòme tèt li. 

Show more...
5 years ago
1 hour 8 minutes 1 second

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.12: Enpòtans nitrisyon nan maladi Diabèt l Byennèt

Diabèt se yon gwo epidemi yo pa pale ase sou li e k ap fè anpil ravaj nan mond lan. Nan epizòd sa, Elizabeth e Fabienne pote plis detay sou maladi sa, ansanm ak kèk konsèy sou kijan yon moun ki soufri maladi a kapab kontrole li epi kèk metòd prevansyon. 

Show more...
5 years ago
1 hour 22 minutes 47 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.11: Enpak sa nap mete nan kò nou ak lespri nou genyen sou byennèt nou

Nan respè, konpasyon, pasyans ak lanmou pou tèt nou, nou kapab dekouvri anpil bagay pou ede nou jwen yon ekilib e viv pi byen chak jou. Nan epizòd sa Pamela ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak fason nou nouri nou genyen sou byennèt nou;  relasyon ki genyen ant alimantasyon ak emosyon epi valè sa genyen pou idantifye sa ki bon pou nou epi aprann renmen yo. 

Show more...
5 years ago
59 minutes 43 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.10: Chwa pwofesyonèl l Edikasyon

Fè chwa yon metye se yon bagay ki enpòtan nan lavi nou chak. Se yonn nan mwayen nou genyen pou eksprime moun nou ye a epi pote kontribisyon nou nan kominote kote nap viv.  Nan epizòd sa, Ara ak Fabienne pale sou kisa nou dwe pran an konsiderasyon avan nou chwazi metye nou vle aprann yo.   

Show more...
5 years ago
1 hour 1 minute 32 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.09: Kreyativite

Kreyativite se kapasite yon moun genyen pou li mete touch pèsonèl li nan nenpòt sa l ap fè. Samuel ak Fredcarme te fè yon chita pale sou sijè sa, kisa l ye e kijan nou ka antre li nan aktivite nou fè chak jou, kelkeswa sou plan pwofesyonèl oubyen pèsonèl.   

Show more...
5 years ago
45 minutes 12 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.08: Relasyon koup l Relasyon

Ini lavi w ak lavi yon lòt moun se yon chwa ki mande anpil reskonabilite, pasyans, ak anpil lòt bagay. Nan epizòd sa Barbara ak Fabienne pale sou enpòtans kominikasyon ak lapriyè nan mitan yon relasyon koup. Barbara te pwofite pataje metòd li menm ak mari l itilize pou pèmèt yo dekouvri youn lòt pi plis e ranfòse relasyon yo.

Show more...
5 years ago
59 minutes 11 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.07: Emosyon: Solitid l Depresyon

Pale de sa nou santi se youn nan fason ki ka ede nou devlope anpati e amelyore relasyon nou gen ak tèt nou e avèk pwòch nou . Nan epizòd sa, Mamz'elle te resevwa Elder Charlot pou fè yon ti pale sou emosyon, solitid ak depresyon. Yo pale tou sou rezon ki fè li enpòtan pou nou aprann idantifye sa nou santi e mande èd lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil ke nou paka jere pou kont nou. 

Show more...
5 years ago
1 hour 24 minutes 52 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.06: Nitrisyon l Byennèt

Nan epizòd sa Elisabeth ak Fabienne pale sou nitrisyon, kijan pou  nou kreye yon balans nan fason nou alimante nou ak aktivite fisik nou reyalize chak jou, pou nou ka pran swen tèt nou e rete an sante. 

Elizabeth Calixte se yon nitisyonis, ki travay ak pasyan yo pou ede yo idantifye fason pou yo kenbe bon kondisyon lasante; kondisyon ki diferan lakay chak moun.

Show more...
5 years ago
56 minutes 41 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.05: Fè lekòl lakay | Edikasyon

Nan epizòd sa Nastassia ak Fredcarme fè yon ti pale sou fè lekòl lakay nan moman konfinman an. Enpòtans sa genyen pou paran yo aprann kreye routin ak timoun yo e sitou aprann tande yo, fè konpromi ansanm avèk yo pou yo kapab kolabore nan aktivite yo gen pou fè. 


Nastassia Colimon se yon sikològ ki espesyalize nan domèn ledikasyon .  Li mete sou pye, ansanm ak kèk lòt ekspè parèy li, "La Ressource" ki se yon sant ki akonpanye timoun ak granmoun ki gen difikilte pou aprann, problèm laperèz e ki pa kwè nan tèt yo . Nou ka akonpanye travay li sou: http://www.laressourceht.com/

Show more...
5 years ago
1 hour 1 minute 12 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.04 : Chanjman klimatik | Anviwònman

Nan epizòd sa, Patrice Cinéus ak Fabienne pale sou anviwònman, chanjman klimatik, enpak covid-19 la ak enpòtans sa genyen pou nou chak poze aksyon ki kapab pwoteje anviwònman an. 

Show more...
5 years ago
1 hour 9 minutes 37 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.03: Sante Mantal Kay Timoun l Byennèt

Timoun jodi, granmoun demen!

Nan epizòd sa, Barbara Alcéna ak Fredcarme pale sou sante mantal timoun : aprann tande e pale ak timoun yo ;  bay emosyon timoun yo valè, se kèk nan pwen medam yo touche nan konvèsasyon sa. 

Barbara Alcéna se on travayè sosyal nan domèn pwoteksyon timoun depi 7 lane e ki envesti anpil nan kòz sila. Li kite ayiti jèn e ap viv nan peyi Etazini depi plis ke 16 lane, kote li lisansye nan travay sosyal e arive jwenn metriz li nan Konsantrasyon Diplomatik, yon branch nan relasyon entènasyonal. 

Show more...
5 years ago
1 hour 30 minutes 32 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.02: Sante mantal l Byennèt
Nan Epizòd sa, Tim Valda ak Fredcarme pale sou sante mantal, kisa li ye, ki enpòtans li genyen nan lavi nou e kijan nou kapab pwoteje tèt nou sou aspè sa espesyalman pandan peryòd konfinman an.  Tim Valda se yon sikològ, konsiltan nan domèn kominikasyon ak fòmasyon. Li travay nan akonpayman fanm ki viktim vyolans. Nou ka vizite paj instagram li @kayzoune pou plis enfòmasyon .
Show more...
5 years ago
51 minutes 34 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YTK.01: Pase tan ak tèt ou | Konfinman

Nan epizòd sa Doris ak Fredcarme pale sou kijan yo viv moman konfinman an. Kijan yo òganize yo e kreye espas pou pran swen tèt yo. 

Show more...
5 years ago
54 minutes 42 seconds

YonTiKoze avèk Mamz'elle
YonTikoze se yon podcast Mamz'elle kreye pou pataje konvèsasyon, eksperyans ak enfòmasyon pou ede jèn yo reflechi e grandi sou tout nivo. Mamz'elle se yon platfòm ki fè pwomosyon devlòpman pèsonel lakay jèn fanm.