Anpil moun pa renmen aksepte yo echwe, yo prefere di yo aprann.
Anpati, sa yo di a se vre wi, men yon lòt bò m pa dakò.
Definisyon klasik echèk, se lè w pa rive atenn yon objektif ou te fikse w.
Alòs baze sou definisyon sa a tout moun echwe.
Pa gen wout pa bwa, bal lòt non, echwe se echwe.
Se pa kòman w relel, men se kòman w jerel.
Avanw bat zyew yon lòt ane ap rive sou ou. Si wap li saa an 2020, li poko janm twò ta pouw vire volan an nan direksyon rèv ou. Yon ane ki chanje se yon evennman, yon moman. Vrè chanjman se saw opere nan viw yo.
2 bèl tifi al pase entèvyou pou yon bous detid. Joanna abiye an penpan. Bèl ti wòb li sou tèt jenoul, makiyaj li byen fèt ak bèl wotèl la. Parèt li parèt nan biwo a, tout moun enpresyone. Entèvyouwè yo plis panike ke li. Li se ansyen elèv kay mè, li konn kòman poul fè yon antre majistral.
Pi gwo pouvwa yon moun genyen, se pouvwa poul reve. Jerry Tardieu, Oasis
Imajinew nan mitan gwo lanwit, nan yon chimenw pa konnen. Yon bouji kenbe nan men dwat ou, wap klere kote wap mete pyew. Fènwa kou lank, wap bare balèn la poul pa etenn. San limyè, ou pa konn kibòw ye, ni kibòw prale, gen anpil chans pouw pèdi.
Rèv ou se tankou bouji saa. Wòl ou se pouw pwoteje limyè saa. San li wap pèdi nan fènwa lavi, ki difisil pou navige.
Ou reveye, benyen, manje epi al travay. Pandanw nan wout la wap mande tèt ou, kisaw la pouw fè? Se vrew pran plezi. Se vrew toujou okipe, menw pa santiw pote yon kontribisyon nan mond lan. Ou santi gen yon vid andedanw. Wap mande tèt ou, ki misyonm ?
Avan tout bagay ou se yon moun.
Ou enpòtan anpil.
Ou se pitit yon fòs ki pi gran pasen,
yon fòs ke nou youn pa ka wè.
Ou se yon bank enèjetik.
Yon moun ak bèl kalite pou amelyore mond lan. Defo pou edew amelyore tèt ou.
Ou se eleman kle nan kreyasyon an.
Liv saa pa ka aprann ou vin milyonè, paske m paka anseye sa m poko fè. Objektif li se poul aprann ou viv, olyew egziste. Aprann ou vin “ou menm”, olye w vin tankou “zòt”. Se aprann ou kite yon eritaj olye w viv san rezon. Se aprann ou fè enpak olyew fè makak.