Twoub pèsonalite nasisik karakterize pa yon obsesyon eksesif, yon moun devlope pou tèt li, kote li vle se li ki se sant atansyon tout bagay, sa ki riske afekte relasyon li ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kritè dyagnostik twoub pèsonalite nasissik ak kòman ou ka viv ak yon moun nasissik.
Rezilyans fè referans ak yon ansanm konpòtman, panse ak aksyon ou kapab aprann epi devlope pandan w ap viv, ki ba ou abilite pou fè fas ak moman difisil yo. Men, rezilyans ale pi lwen pase yon senp kesyon adaptasyon. Li ka yon faktè enpòtan nan byennèt emosyonèl ou.
Konpasyon pou pwòp tèt ou, se yon fòm entelijans emosyonèl ki pèmèt ou rive trete tèt ou ak menm lanmou, pasyans ak respè menm jan ou t ap fè l pou yon pwòch ou ki nan yon moman difisil, olye pou jije epi kondane tèt ou, pafwa ak rigè ki pa nesesè.
Vin papa, sitou pou premye fwa, se yon avanti emosyonèl enteresan, men ki konn vini ak ensètitid tou. Sitou lè kondisyon yo pa reyini. Soti nan gwosès manman an, pase nan nesans timoun nan, rive nan lè l ap grandi, wòl papa a konn gen gwo enpak sou lavi sikolojik mesye yo. Nan epizòd MANTALITID sa, 4 envite ap pale de eskperyans pèsonèl yo.
Sikoloji Pozitif se yon branch nan sikoloji ki konsantre l sou tout aspè favorab ki ka amelyore eksperyans n ap fè kòm moun. Kontrèman ak divès lòt branch nan sikoloji, ki plia chita sou trete twoub mantal ak patoloji yo, demach sikoloji pozitif la se ankouraje tout sa ki ka kontribye nan fè nou menmmen yon vi ki pi sinifikatif.
Sante mantal se yon eleman esansyèl nan byennèt jeneral nenpòt moun nan. Nan ka patikilye yon atlèt ki souvan ap fè fas ak divès egzijans disiplin espòtif yo mande, yon bon preparasyon mantal endispansab nan pèfòmans atlèt yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ap bay plis detay sou sa.
Ant laj 14 ak 16 ane, Max Junior Raymond ki t ap fè fas ak DEPRESYON fè 2 tantativ pou mete fen ak lavi l. Nan epizòd MANTALITID sa, nou eseye gade ki sa ki te sous detrès emosyonèl sa, kòman eksperyans sa make lavi li elatriye.