Home
Categories
EXPLORE
True Crime
Comedy
Society & Culture
Business
Sports
History
Fiction
About Us
Contact Us
Copyright
© 2024 PodJoint
00:00 / 00:00
Sign in

or

Don't have an account?
Sign up
Forgot password
https://is1-ssl.mzstatic.com/image/thumb/Podcasts125/v4/c8/58/42/c85842e2-28fe-e58b-df66-1ab881ccf100/mza_2157546755156011300.jpg/600x600bb.jpg
Kreyonomi podcast
Stevens Azima
12 episodes
9 hours ago
Kreyòl nan tout sòs
Show more...
Social Sciences
Science
RSS
All content for Kreyonomi podcast is the property of Stevens Azima and is served directly from their servers with no modification, redirects, or rehosting. The podcast is not affiliated with or endorsed by Podjoint in any way.
Kreyòl nan tout sòs
Show more...
Social Sciences
Science
Episodes (12/12)
Kreyonomi podcast
S03E01-Reyalite kache nan pran lajan kredi (Achiv dLOC)

Epizòd sa a baze sou yon achiv son ki soti nan Digital Library of the Caribbean (dLOC). Li rakonte istwa fanm nan Nòdès ann Ayiti ki te resevwa pwomès kredi nan men Aristid nan ane 1995. Men reyalite a te vini ak anpil desepsyon, sitou lè yo t apral dekouvri pil demach ak depans sou kote ki mache ak kredi sa. An reyalite, yo t ap tann yon kredi fasil, yo dekouvri se te yon ponya degize. Nou itilize achiv sa pou kore yon ansyen atik nou te ekri ki rele 3 ERÈ POU OU PA FÈ LÈ OU AP PRAN LAJAN KREDI. Ou ka li l sou sit Kreyonomi an.

Show more...
7 months ago
6 minutes

Kreyonomi podcast
S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou

Vin koute Loly Jacques k ap pale sou dwòg. Enfòmasyon nan bon ti mamit. Loly Jacques gen yon fòmasyon an rapò ak toksikomani epi li gen eksperyans nan akonpaye moun ki gen pwoblèm depandans.

Show more...
4 years ago
1 hour 36 minutes 13 seconds

Kreyonomi podcast
S02E02 - Tamas Jean Pierre: klas sosyal ann Ayiti (Pati 2)

Diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. Nou te rankontre Pwofesè Fleuristin fwa pase sou menm sijè a, kounye a n ap rankontre ak Tamas Jean Pierre, yon sosyològ e militan feminis pou yon ti pale sou egzistans, nannan ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti. Fwa sa a, n ap nonsèlman pale sou klas sosyal, men tou sou koneksyon ak telekospaj ki genyen ant klas yo ak lòt rapò dominasyon yo.

Show more...
4 years ago
1 hour 16 minutes 41 seconds

Kreyonomi podcast
S02E02 - Pitit sòyèt, klas mwayèn, boujwazi: kisa diskou sou klas sosyal ann Ayiti yo aprann nou? (Pati 1)

Nan kòmansman epizòd sa nou te jwe mizik "Nèg anwo" Boukan Ginen an. An reyalite, diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. N ap rankontre ak Lionel Fleuristin, yon pwofesè ki gen plis pase 20 an eksperyans konsiltasyon ak rechèch nan ekonomi sosyal ak solidè pou yon ti pale sou egzistans ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti.

Show more...
4 years ago
57 minutes 28 seconds

Kreyonomi podcast
S02E01 - Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou Lasosyete

Nan ti kozri sa a ak Yves-Marie Exumé, nan espas 90 minit nou rive dekòtike yon seri bagay ki pa yès nan fason sosyete a fonksyone, espesyalman nan jan li konstwi rapò fi ak gason. Epizòd sa tou ka ofri yon bèl antre sou mouvman feminis lan, alafwa nan dimansyon teyorik li ak nan dimansyon pratik li. Yves-Marie Exumé pataje vizyon l ak nou sou pwoblèm k ap minen sosyete yo epi li kòmanse imajine solisyon ki ta ka mennen nou nan yon sosyete kote tout moun ap viv byen, egalego.

Show more...
4 years ago
1 hour 28 minutes 33 seconds

Kreyonomi podcast
S01E06 - Èske Ayiti marye ak lamizè?

Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lamizè anndan peyi a. Apre prezantasyon l lan, piblik la te gen okazyon aktive mikwo l pou poze kesyon, sa ki te rann echanj yo pi vivan. Epizòd sa se dènye nan ribrik Ekonomi nou an. Pwochen ribrik la pral pale sou sosyete e n ap resevwa Yves-Marie Exumé nan premye epizòd la pou yon ti kozri sou fanm, dwa fanm, feminism ak lòt pawoli ankò. Randevou kase pou 3 desanm 7è pm pou epizòd an dirèk la, epi l ap disponib apre sa 7 desanm a 7è pm sou pòdkas la. Apati epizòd sa, chak nouvo epizòd pòdkas ap disponib 7 nan mwa a, a 7è pm.  An nou kontinye fè wout la ansanm.

Show more...
5 years ago
1 hour 31 minutes 6 seconds

Kreyonomi podcast
S1E05-Pouki todchanj lan fin monte apre sa l tonbe desann? (Pati 2)

Nan dezyèm pati diskisyon sa nou te gen ak ekonomis Standley Réginald epi Débora Descieux a, nou diskite dirèkteman koz varyasyon todchanj lan alafwa istorikman e aktyèlman. Nan gade konsekans dènye chanjman yo ka genyen tou. Nan fen an, nou fè yon ti louvri kad la sou jan nou ta ka inove finans peyi a atravè yon seri zouti tankou kontra alavans, divèsifikasyon mache ak pwodui finansye yo e menm entèlijans atifisyèl.

Show more...
5 years ago
56 minutes 41 seconds

Kreyonomi podcast
S1E05-Finans, labank, bidjè, PetroCaribe ak todchanj ann Ayiti (Pati 1)

Nan premye pati diskisyon sa nou te genyen ak 2 ekonomis envite, Standley Réginald epi Débora Descieux, nou gade ansanm wòl ekonomis yo, kisa finans ye, ki wòl labank e kisa y ap fè ak lajan nou depoze lakay yo a, wòl Bank Santral, nouvo bidjè peyi a, relasyon ki gen ant dèt n ap peye yo ak Akò PetroCaribe nou gagote a. Nan dezyèm pati a, ki ap vin apre, n ap gade espesyalman kisa ki te koz monte epi degrengolad dola a pandan dènye mwa yo. 

Show more...
5 years ago
34 minutes 4 seconds

Kreyonomi podcast
S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj

Nou antre fon nan sikoloji reskiyè, woulibè ak gratè yo, gade jan sosyete a wè yo e ki koz oswa konsekans konpòtman sa a.

Mwen ekri yon biyè blòg sou sa tou, sou kreyonomi.blog

Show more...
5 years ago
23 minutes 9 seconds

Kreyonomi podcast
S01E03-Dous pou dous? Ekonomi an pratik
Yon ti refleksyon sou kòman ekonomi ka itil nou pratikman nan kèk aspè lavi n ap mennen chak jou a. Espesyalman, kòman ekonomi ka ede nou pran bon desizyon?
Show more...
5 years ago
1 hour 3 minutes 27 seconds

Kreyonomi podcast
S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti?
Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? Nan epizòd sa, n ap antre nan nannan deba sou wòl dyaspora yo, gade limit diskou dominan yo epi liste kèk pinga. Apre sa n ap gade istwa, kontèks ak pwofil dyaspora ayisyen an pou nou ka fè konesans li pi byen. Apre tout sa, n ap pare pou gade ak yon je kritik men konstriktif sa ki fèt deja ak sa ki ta dwe fèt (men ki pa ko fèt) pou pèmèt dyapora ayisyen an gen plis enpak toujou ann Ayiti. Pandan tout epizòd la mwen tou pwofite defèt kèk lejann an rapò ak dyaspora a. Epi mwen pataje kèk ti istwa pèsonèl avè w tou. Epizòd la yon ti jan long, men m panse sa te vo lapenn. Mwen swete w yon bèl ekout.
Show more...
5 years ago
1 hour 9 minutes 4 seconds

Kreyonomi podcast
S01E01-Kisa ekonomi ye?
Ekonomi alafwa atire nou e dekouraje nou. Ki sa ki fè sa? Ki mòd syans sa ye menm? Ki travay ekonomis yo? Ki wòl yo ka jwe nan rezoud pwoblèm Ayiti yo? Dekouvri tout sa nan premye epizòd Kreyonomi Pòdkas la, nan ribrik Ekonomi an. Tcheke biyè blòg ki mache ak epizòd sa a sou kreyonomi.blog pou plis detay, plis referans ak eleman nou pa t abòde nan pòdkas la.  Abone epi pataje ak zanmi w.  Stevens Azima
Show more...
5 years ago
32 minutes 10 seconds

Kreyonomi podcast
Kreyòl nan tout sòs