Nan episode sa Jan Edouard pale de mank de support pou mizik Zenglen an ki nan GTA VI trailer an ki sèlman monte 22.7% sou Spotify, pandan ke mizik Hot Together gwoup The Pointer Sisters lan monte a 182,000% sou Spotify.
Premye epizòd Klēb K-Fe Podcast lan mete aksan sou kijan yon atis ka pwolonje lavi yon sèl mizik pandan 3 mwa. Nou pale sou enpòtans fè entèvyou, koupe yo an plizyè ti moso pou mete sou rezo sosyal yo, epi sèvi ak bon kontni videyo ak reels pou kontinye fè mizik la viv. Se pa tout bagay ki fèt nan premye semèn! Se estrateji, pasyans, ak konsistans ki fè diferans lan.