BayoTalk 04 - Barclay's Center avèk Michael Brun
BayoTalk 03: Prospect Park avèk Michael Burn & Paul Beaubrun
T-Jo Zenny pale de plan fen karyè li
Emilie Lafortune (Le Gout De Ça) ap rakonte kòman li tounen yon gwo kreyatè kontni sou kwizin
Fabienne Colas pale de kòman Fondation Fabienne Colas fonksyone
Oswald pale de konsè li nan Olympia ak pwochen toune li Etazini #CarelInMontreal
Jean Jean Roosevelt Ap Pale De Nouvo Albòm li "Libres Ensenble" #CarelInMontreal
Durkheim: Ant Etid ak Preparasyon Nouvo Albòm #CarelinMontreal
BIC, pale sou albòm li 'Été en Hiver,' ki se yon pwojè an franse ki make yon nouvo chapit nan karyè mizikal li. Nan entèvyou sa a, li devwale plan li pou selebre 25 ane nan mizik ak lòt pwojè enteresan ki ap vini.
Nan epizòd espesyal #CarelinMontreal sa a, nou chita pale ak pwodiktè ak atis renome Marco Volcy. Li pataje ak nou vwayaj enkwayab li nan endistri mizik la, depi anrejistreman klasik 'Nwèl Tristès' ak Mikaben an 1999 rive pwodwi albòm pou Corneille ak travay ak Don Karnage. Nou pale sou istwa ak karyè Marco Volcy kòm pwodiktè ak atis, ansanm ak pwojè li gen pou kounye a.
Beethovas Obas pale de patisipasyon li nan PAPJazz ak lòt pwojè
Sa fè 1 lane depi lavi Meastro Drasso te pran yon tounan inatandi. Nan chita pale ak Carel, li temwanye Gras Bondye apre li soti vivan nan yon aksidan kamyon grav.
Carel chita pale ak Imoris Gaëlle Bien-Aimé, nan yon konvèsasyon eksklizif sou espektak li "Kèskonfe" ak lòt pwojè l ap prepare.
Nan epizòd sa a Carel chita pale ak Nesmy Manigat, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl an Ayiti. Minis Nesmy pale de defi yo ak triyonf ane akademik 2022-2023 ki te yon ane trè difisil. Li pale de chanjman ki ap fèt ak lòt gwo chantye enpòtan pou sistem edikatif la. Li te pwofite pale tou te pouki sa yo chwazi tèks mizik Zafem ki rele Dyaman nan bidonvil nan ekzamen ofisyèl yo.
BAYOTALK E02 : Carel Pedre x Michael Brun & Friends - Dawou 2023
Michael Brun ak lòt atis ki nan BAYO pale ak Carel Pedre de eksperyans yo nan pwojè a ak siskè 2 dènyè konsè nan House of Blues (Boston) ak Pier 17 Rooftop (New-York). TJo Zenny x Touble Boy x Tadia x J Perry x Paul Beaubrun x Roody Roodboy x Mikaben x Steves J Bryan AlerteAnie x Nevrmd
Nan epizòd sa a, nou envite Mèt Alexandre de Lespinasse, ki gen yon Mester nan Dwa Pwopriyete Entelektyèl, pou diskite sou kesyon enfraksyon dwa otè nan endistri mizik an Ayiti, espesyalman nan ka Troubleboy Hitmaker kote yon medya te jwe Mizik li ki poko soti san konsantman li. Nou eksplike kijan lwa dwa otè pwoteje dwa mizisyen yo, konsèkans legal pou moun k ap fè enfraksyon, e kisa atis yo ka fè pou yo pwoteje pwopriyete entelektyèl yo nan mond dijital n ap viv la a.
Nou te pran kèk kesyon ak kòmantè soti nan odyans nou yo, nan domèn sa a, ki pèmèt nou debat sou solisyon ki ka aplike pou diminye enfraksyon dwa otè e ankouraje respe pou zèv kreyatif yo.
Nan epizòd sa a Carel Pedre gen chantez Anie Alerte kòm envite espesyal, ki prezante nouvo mizik li "Mal" e li pataje detay sou lavi li, sitou sou defi ak pwoblèm li te rankontre. Mizik "Mal" eksplisitman pale de atak ak entimidasyon sou entènèt, yon sijè ki grav nan sosyete jodi a.
Anie Alerte te eksprime kouman li te menm ak manman li viktim entimidasyon ak atak sou entènèt, ak kouman sa te afekte lavi li ak karyè li. Li diskite sou kouman li te jwenn fòs pou li kanpe fas ak pwoblèm sa yo, e li pataje konsèy pou moun k ap viv menm sitiyasyon yo. Koute epizòd sa a pou aprann plis sou istwa Anie Alerte ak pou jwenn enspirasyon nan batay pa w.
Annou dekouvri pouvwa anpati nan kontèks sante mantal nan episòd espesyal sa a! Nan epizòd sa a, nou fè yon konvèsasyon apwofondi ak Sikolog Jeff Cadichon ak Tim Valda sou siyifikasyon anpati ak enpòtans li nan sosyete ayisyen an. Yo eksplike kòman anpati ka ede konbat estigma ki toujou egziste nan sosyete ayisyen an epi kòman li ka ankouraje sipò, konpreyansyon, ak akseptasyon.
Nou diskite sou kòman pou ankouraje anpati nan lekòl ak nan kominote nou yo pou ede jèn yo aprann kijan pou sipòte zanmi yo ak fanmi yo ki ka ap fè fas ak pwoblèm sante mantal. Episòd sa a bay resous ak konsey sou kòman pou kreye yon anviwònman akseptab ak enklizif pou moun ki gen pwoblèm sante mantal, ak kòman pou fè pou nou motive tout moun espesyalman sa ki sou rezo sosyal yo pou aji ansanm pou konbat estigma.
Ti Pale Sou Patisipasyon Haiti Nan Miss Univers [Twitter Space]