
Nan epizòd sa a, nou antre fon nan relasyon ant teknoloji ak sosyete, espesyalman nan kontèks Ayiti. Nou pale sou konsèp jistis dijital, nesesite pou gen reparasyon teknolojik, epi kijan teknoloji ka ede diminye inegalite sosyal yo. Envite ya ki se ekonomis Carl-Henry Cadet, mete aksan sou enpòtans pou gen reprezantasyon tout gwoup nan domèn teknoloji. Nou diskite tou sou enpak algoritm ak done a koz fòs kote (biais) ki ka genyen ladan yo sou sante, sosyete ak stil lavi, pandan nou ankouraje yon apwòch ki pi enklizif kote tout moun jwenn plas yo nan mond dijital la.
🌟 Vle soutni misyon nou an epi mete valè sou edikasyon? 🌟Vizite sit nou an 👉 https://www.edikasyonseriches.com 👈Dekouvri koleksyon espesyal nou an ki fèt pou moun ki kwè ke Edikasyon Se Richès! 👕📚☕Chak acha ou fè ede nou kontinye kreye plis kontni edikatif, pwofon ak enspire pou kominote nou an.✅ T-shirts ak mesaj pozitif✅ Pwodwi edikatif ak kado inik✅ Atik pou ankouraje konesans ak fyèteAle kounye a! Sipòte mouvman an, mete mesaj la, e fè pati chanjman an! 🔥#EdikasyonSeRichès #SoutniEdikasyon #ShopNow #Ayiti #KonesansSePouvwa